3 Jou


Seminè

Monetizasyon

YouTube

Date : 27 Mars- 29 Mars 2026

Sèlman $97

Sa w dwe konnen

Kisa w pral aprann pandan 3 jou sa a?

Ou pral aprann etap pa etap kijan pou kreye, devlope, epi monetize yon chanèl YouTube depi a 0.

Vandredi - Samdi - Dimanch

27 Mars5h-7h PM

FONDASYON CHANÈL

Wap aprann byen kreye yon chanèl ki pwofesyonel
  • Kreye chanèl YouTube

  • Branding chanèl

  • Design banner YouTube

  • Optimize chanèl la

  • YouTube Studio

28 Mars 1h-3h PM

KREYASYON KONTNI

Wap aprann kòman pou kreye video yo menm siw pako gen lajan pou achte kamera pwofesyonèl.
  • Planifikasyon videyo

  • Design thumbnail(Minyati)

  • Anrejistre ak telefòn oswa kamera

  • Limyè ak son

  • Editing debaz

  • Upload videyo

29 Mars1h-3h PM

MONETIZASYON

Aprann strateji pou arive fè 4mil è a + 1000 abonè nan peryòd 90 jou (3 mwa).
  • Monetizasyon YouTube

  • Evite sanksyon

  • Affiliate marketing

  • Estrateji pou poste

  • Plan pou grandi nan 90 jou

  • Zouti AI pou kreyatè

Resous

Kisa wap jwenn aprè seminè sa a?

Resous sa yo ap ede ou kontinye bati chanèl YouTube ou menm aprè seminè a fini.

Replay Videyo

Aksè ak tout anrejistreman seminè yo pou ou ka revize leson yo padan yon period 30 jou,

PDF Seminè

Yon dokiman PDF ak tout pwen enpòtan yo, etap yo, ak konsèy yo pou ede ou aplike sa ou aprann yo fasil.

Setup Checklist

Yon gid etap pa etap pou ede ou mete chanèl YouTube ou an plas san konfizyon.

Sètifika Patisipasyon

Resevwa yon sètifika Dooke Tech ki montre ou fini fòmasyon 3 jou a. Ou ka itilize li nan portfolio ou oswa sou LinkedIn.

Enfo

Ki moun ki ka patisipe nan seminè sa a?

Seminè sa a fèt pou nenpòt moun ki vle aprann kijan pou kreye ak monetize yon chanèl YouTube, espesyalman:

Si ou vle antre nan mond kreyasyon kontni, pataje konesans ou, oswa bati yon sous revni sou entènèt, seminè sa a ap ba ou fondasyon ou bezwen pou kòmanse avèk konfyans.

Lis moun yo:

  • Debitan ki vle kòmanse yon chanèl YouTube

  • Kreyatè kontni ki vle grandi odyans yo

  • Pwopriyetè ti biznis ki vle itilize YouTube pou maketing

  • Etidyan ki entèrese nan konpetans dijital

  • Freelancers ki vle ajoute YouTube kòm sèvis

  • Legliz ak ekip medya legliz

  • Moun ki vle kreye yon sous revni sou entènèt

  • Coaches, fòmatè, ak konsiltan

  • Podcasters ki vle ale sou YouTube

  • Moun ki vle bati yon mak pèsonèl sou entènèt

NB: Ou pa bezwen okenn eksperyans pou patisipe nan seminè sa a.

Pa rate lòt fòmasyon yo

Men avantaj wap gen lèw pran seminè sa a

Spesyal sa disponib pou ou sèlman kòm patisipan.

Premye(1) Òf

Fòmasyon nou yo
Depi w patisipe nan semine sa a, wap jwenn50% rabè sou tout fomasyon nap genyen swa sou LIVE streaming, Edite video, Web design(Aprann fè sit entenet) etc

Dezyèm(2) Òf

Wap jwenn 15% rabè
pou aprann anglè
Siw pako aprann pale angle, wap kalifye pou resevwa20% rabe sou klas angle nou yo.

Twazyèm(3) Òf

wap jwenn 10% rabe ak sistem nou an kap edew grandi biznis ou a.
Ou pap pedi apel anko, Nan edew bati yon sistem kote se AI, automasyon kap fe tout bagay pou ou otomatik.

Dezyèm(2) Òf

Klas anglè
Siw pako aprann pale anglè, wap kalifye pou resevwa 20% rabe sou klas anglè nou yo.

Twazyèm(3) Òf

CRM pou Otomatize biznis ou.
Nan edew bati yon sistèm kote se AI, automasyon kap fè tout bagay pou ou otomatik.

Fòmasyon Espesyal

Sèlman $97

Plas yo limite

Pri nòmal: $297

Metòd nou ansenye

Men sa ki fòs ak diferans nou:

Sa ki fè Dooke Tech diferan se pedagoji ansenyeman nou itilize pou n ansenye ounyen fè fòmaayon yo.

Lòt Fòmasyon yo (80% Teori)

  • Twòp enfòmasyon san aplikasyon

  • Pa gen demonstrasyon reyèl

  • Pa gen gid etap pa etap

  • Difisil pou kòmanse apre fòmasyon an

  • Pa gen workflow klè pou swiv

Dooke Tech (70% pratik)

  • Demonstrasyon an tan reyèl

  • Etap pa etap pou debitan

  • Workflow senp pou swiv

  • Egzanp ki soti nan eksperyans reyèl

  • Ou ka aplike sa ou aprann menm jou a

Aprann

Kiyès kap fòmatè a?

Dukene Joseph

se fondatè Dooke Tech, yon coach teknoloji, epi yon pwofesè anglè ki pasyone pou ede moun aprann konpetans ki ka chanje avni yo.

Avèk plis pase 5 ane eksperyans pratik nan pwodiksyon videyo, live streaming pwofesyonèl, ansèyman, ak fòmasyon kreyatè, li espesyalize nan fè teknoloji ak kreyasyon kontni vin fasil pou konprann epi aplike.


Eksperyans li gen ladan:

Kòm yon pwofesè, Dukene gen yon kapasite natirèl pou eksplike sijè konplike yo nan yon fason senp ak pratik, sa ki fè elèv yo aprann pi vit.

Atravè Dooke Tech, misyon li se ede kreyatè, etidyan, ak antreprenè devlope konpetans dijital ki ka kreye opòtinite reyèl nan ekonomi dijital la.

Nan seminè sa a, Dukene pral pataje konesans, eksperyans, ak workflow li itilize chak jou pou ede ou kòmanse epi grandi sou YouTube avèk konfyans.

Wap jwenn avantaj pi rèd

50% Rabè siw ta vle yon klas(Kou) apa

Kou sa a ap disponib nan kominote a

kote video anrejistre epi reponn Quiz pou teste konesans ou.

Yon kominote

Wap resevwa yon email ki ap baw detay kòman ka benefisye rabè sa a.

PDF Gratis

Wap jwenn PDFtout kou a nèt pou enprime kap edew konprann pi byen kou a.

Nou respekte mo nou.

100% lajan bak garanti

Si ou chanje lide avan seminè a, ou ka mande yon refund total selon politik garanti nou an — san risk pou ou.

Nap edew jwenn

Kesyon ak repons

Men repons sou kesyon ke moun pi souvan poze sou seminè a pou ede ou pran desizyon an avèk konfyans.

Èske seminè sa a bon pou debitan(moun ki pa konn anyen menm)?

Wi. Seminè sa a fèt espesyalman pou moun ki ap kòmanse oswa ki gen ti eksperyans sou YouTube. Nou pral ede w etap pa etap.

Konbyen jou seminè a ap dire?

Seminè a ap dire 3 jou, soti 27 Mas rive 29 Mas 2026.

Konbyen tan chak sesyon ap dire?

Chak sesyon ap dire 2 èdtan.

Èske m ap jwenn replay seminè a?

Wi. Tout patisipan yo ap resevwa aksè ak replay seminè a pou yo ka revize leson yo pandan 1 mwa.

Èske mwen bezwen kamera pwofesyonèl?

Non. Ou ka kòmanse ak telefòn ou. Nou pral montre w kijan pou kòmanse ak sa ou genyen.

Èske mwen bezwen konnen editing deja?

Non. Nou pral anseye w editing debaz pou debitan pandan seminè a.

Kijan mwen pral resevwa lyen pou patisipe?

Apre enskripsyon, ou ap resevwa yon imèl aoubyen yon mesaj tèks ki gen tout detay pou rantre nan seminè a.

Èske m ap resevwa sètifika?

Wi. Apre seminè a, ou ap resevwa yon sètifika patisipasyon.

Èske mwen ka poze kesyon pandan seminè a?

Wi. Ap gen tan pou kesyon ak repons pandan fòmasyon an.

Ki sa ki enkli nan pri seminè a?

Pri a enkli:

3 jou fòmasyon an dirèk

Replay seminè a

PDF resous yo

Creator toolkit

Sètifika patisipasyon

Èske gen plan pèman?

Wi. Sistèm pèman an ki sekirize, epi enfòmasyon finansye ou pwoteje.

Eske w prè pou chanje lavi w ak YOUTUBE?

Pa tann moman pafè a pou kòmanse.

Seminè 3 jou sa a ap ba ou fondasyon, zouti, ak direksyon ou bezwen pou kreye epi monetize chanèl YouTube ou avèk konfyans.

Rezève plas ou jodi a pandan pri early-bird la toujou disponib.

© 2026 DOOKE TECH - All rights reserved.